Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 3:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Jezi reponn li: — Anverite sa m'ap di ou la a se vre: Pesonn pa kapab nan wayòm Bondye a si li pa fèt yon lòt fwa.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Jezi reponn li: “Mwen di w verite a, si yon moun pa fèt yon lòt fwa, li p ap kapab antre nan wayòm Bondye a.”

Gade chapit la Kopi




Jan 3:3
32 Referans Kwoze  

Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.


Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.


Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.


Li te sove nou, pa sou baz a zèv ladwati ke nou fè, men selon mizerikòd Li, pa lavaj a rejenerasyon an, e renouvèlman pa Lespri Sen an,


ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.


Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.


Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a


Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.


Nou konnen ke okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.


Nan ka sila a, dye a mond sa a vwale lespri a enkwayan yo pou yo pa wè limyè levanjil la, glwa a Kris la, ki se imaj a Bondye.


“Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”


Konsa, nou te vin vivan an nan lè nou te fin mouri nan transgresyon ak peche nou yo.


‘Tande sa, O pèp ki plen foli, ki san konprann, ki gen zye, men ki pa ka wè, ki gen zòrèy, men ki pa tande.


Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.


Men jis rive jodi a, SENYÈ a pa t bannou yon kè pou konnen, ni zye pou nou wè, ni zòrèy pou nou tande.


Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi.


E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”


Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la.


Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve.


“A zanj legliz nan Laodicée a, ekri: Amen lan, Fidèl e Vrè Temwen lan, Kòmansman kreyasyon Bondye la, di konsa:


Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè.


Ankò, Mwen di nou: Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon zegwi, pase pou yon nonm rich antre nan wayòm Bondye a.”


Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?” Yo te reponn: “Premye a”. Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm.


“Si zye nou fè nou chape tonbe, retire li jete; li pi bon pou nou antre nan wayòm Bondye a avèk yon sèl zye, pase jete nan lanfè avèk de zye.


Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo.


Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”


Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite