Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 21:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.” Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: — Se Senyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Senyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l nan dlo a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Lè sa a, disip Jezi te renmen an di Pyè: “Se Senyè a!” Fini Simon Pyè fin tande se Senyè a, li foure rad sou li, li mare senti l, paske l pa t gen anyen sou li, li voye kò l nan lanmè a.

Gade chapit la Kopi




Jan 21:7
20 Referans Kwoze  

Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.


E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”


Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”


Paske lanmou Kris la k ap bourade nou. Konsa li mennen nou a konklizyon sa a; ke yon moun te mouri pou tout moun, kidonk, tout moun te mouri.


Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.


Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”


Pawòl ke Li te voye a fis Israël yo, pou preche lapè atravè Jésus Kri a—Ke Li se Senyè a tout moun.


“Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”


“Pou rezon sa a Mwen di ou, peche li yo ki te anpil, vin padone, paske li te renmen anpil: men sila a ki padone piti, renmen piti.”


Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.


Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’. Konsa, l ap voye l vini isit la.”


Anpil dlo p ap ka etenn lanmou, ni rivyè p ap ka inonde l. Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou, sa ta konplètman meprize.


Sa fèt pa SENYÈ a. Li se yon mèvèy nan zye nou.


Frè m yo, pa kenbe lafwa nou nan Senyè laglwa nou an, Jésus Kri avèk patipri.


Premye lòm nan sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la.


Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”


E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.


“Rete abiye tout tan, byen parèt, avèk lanp nou toujou limen.


Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite