Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 21:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Sa te fè twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te leve sòti vivan nan lanmò.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Se te twazyèm fwa Jezi te fè disip li yo wè l depi l te fin resisite a.

Gade chapit la Kopi




Jan 21:14
6 Referans Kwoze  

Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”


Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”


Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò.


Apre, Li te vin parèt a onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.


Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.


A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite