Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 20:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Li kouri, l'al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: — Yo wete Senyè a kote l te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Li kouri al jwenn Simon Pyè ak lòt disip la, disip Jezi te renmen an, epi li di yo: “Yo wete Senyè a nan kav la, epi nou pa konn kote yo mete l.”

Gade chapit la Kopi




Jan 20:2
9 Referans Kwoze  

Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la.


Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”


Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”


Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”


Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.


Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”


Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.


Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.” Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite