Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 19:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!” Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè chèf prèt yo ansanm ak gad yo wè l, yo konmanse rele: — Kloure l sou yon kwa! Kloure l sou yon kwa! Pilat di yo: — Pran l, kloure l sou kwa a nou menm. Mwen pa wè rezon pou m kondannen l, mwen menm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Kou chèf alatèt prèt yo ak tout gadyen tanp lan yo te wè Jezi, yo tout te pran rele: Krisifye l! Krisifye l! Pilat di yo: Pran l nou menm epi krisifye l. Pou mwen menm mwen pa jwenn anyen pou m kondane l.

Gade chapit la Kopi




Jan 19:6
15 Referans Kwoze  

Men Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan lakou wo prèt la. Li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè jan li ta fini.


Pilate te di: “E kisa pou mwen ta fè avèk Jésus ke yo rele Kris la?” E yo te di: “Krisifye Li!”


Konsa, lè Pilate te wè ke li pa t ap rezoud anyen, men okontrè, pèp la te kòmanse ap fè tenten, li te pran dlo pou te lave men li devan pèp la, e te di: “Mwen inosan a san Nonm sila a; fè l nou menm”.


Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.


Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.


Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”


Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.


Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!” Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?” Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”


Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”


nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò.


Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite