Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 18:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, l'al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l.

Gade chapit la Kopi




Jan 18:1
25 Referans Kwoze  

Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.


Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.


Pandan tout peyi a t ap kriye avèk gwo vwa, tout pèp la te pase janbe. Wa a tou te pase janbe flèv Cédron an, e tout pèp la te pase janbe lòtbò vè chemen dezè a.


Anplis, li te fè retire Maaca, manman li nan pozisyon rèn nan, paske li te fè yon imaj abominab tankou yon Astarté. Asa te koupe imaj abominab li a e li te brile li nan flèv Cédron an.


Paske nan jou ke ou sòti travèse dlo Cédron an, ou mèt konnen byensi ke anverite, ou va mouri. San ou va sou pwòp tèt pa ou.”


Lotèl ki te sou twati yo, nan wo chanm Achaz ke wa Juda yo te fè a ak lotèl ke Manassé te fè nan de lakou lakay SENYÈ a, wa a te kraze yo. Li te kraze yo e li te jete poud yo nan flèv Cédron an.


Konsa, wa a te kòmande Hilkija, wo prèt la e prèt a dezyèm lòd yo avèk gadyen pòtay yo pou mennen fè sòti deyò nan tanp SENYÈ a tout veso ki te fèt pou Baal yo, pou Astarté ak pou tout lame syèl la. Konsa, li te brile yo deyò Jérusalem nan chan Cédron an e li te pote sann yo jis rive Béthel.


Li te fè mete deyò Astarté la soti lakay SENYÈ a rive Jérusalem nan flèv Cédron an, li te moulen l an poud nèt e li te jete pousyè a nan simityè a pèp la.


Anplis, li te retire Maaca, manman a Wa Asa a, nan pozisyon rèn nan, akoz li te fè imaj li byen abominab tankou yon Astarté, e Asa te fè koupe imaj abominab li a. Li te kraze li, e li brile li nan flèv Cédron an.


Pou sa, prèt yo te antre nan pati enteryè lakay SENYÈ a pou netwaye li, epi chak bagay yo te twouve ki pa t pwòp nan tanp SENYÈ a, yo te mete li deyò nan lakou lakay SENYÈ a. Depi la, Levit yo te resevwa l pou pote l rive nan Vale Cédron an.


Yo te leve e te retire fo lotèl ki te Jérusalem yo. Anplis, yo te retire tout fo lotèl lansan yo e te jete yo nan flèv Cédron an.


Konsa, mwen te pase pandan nwit lan pa ravin nan pou te fè enspeksyon miray la. Epi mwen te antre ankò nan Pòtay Vale a e mwen te retounen.


“Konsa tout vale kadav yo ak sann yo, e tout chan yo jis rive nan flèv Cédron nan, pou rive nan kwen Pòtay Cheval la, vè lès, va sen a SENYÈ a. Konsa, li p ap rache retire, ni jete ba ankò, jis pou tout tan.”


Ou va kase li an miyèt mòso e vide lwil sou li. Li se yon ofrann sereyal.


Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.


Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”


Apre yo te fin chante yon kantik, yo ale deyò nan Mòn Oliv la.


Yo te vini nan yon plas yo te rele Gethsémané. Li te di disip Li yo: “Chita isit la jouk lè ke M fin priye.”


Leve! An ale nou! Gade, sila a ki trayi M nan parèt.”


Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l. “Leve, annou kite isit la.”


Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou nan jaden an avèk Li?”


Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite