Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 16:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 “Men Mwen di nou laverite se nan lavantaj pa nou ke M ap prale. Paske si M pa ale, Konseye a p ap vin kote nou, men si M ale, M ap voye Li bay nou.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou.

Gade chapit la Kopi




Jan 16:7
19 Referans Kwoze  

Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.


“Lè Konseye a vini, sila a ke M ap voye bay nou sòti nan Papa a, sa se Lespri verite a, ki sòti nan Papa a, L ap fè temwayaj de Mwen.


Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.


“Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.


Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.


Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”


Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn,


“Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.


E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.


Ou te monte an wo. Ou te mennen kaptif yo sòti. Anplis, Ou te resevwa kado pami lòm, menm pami rebèl yo tou, pou SENYÈ a, Bondye a, kapab abite la.


“Men Mwen di nou anverite, gen nan sila yo ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jouk lè ke yo wè wayòm Bondye a.”


Men, Mwen di nou anverite, ke te gen anpil vèv nan Israël nan jou Élie yo, lè syèl la te fèmen nèt pandan twazan si mwa, lè gwo grangou te rive sou tout peyi a.


Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon,


E Li, lè L vini, L ap konvenk lemonn konsènan peche, ladwati, ak jijman.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite