Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 15:20 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

20 Chonje sa m te di nou: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Si yo pèsekite m, y'a pèsekite nou tou. Si yo fè sa m te moutre yo, y'a fè sa n'a moutre yo tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

20 Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou.

Gade chapit la Kopi




Jan 15:20
22 Referans Kwoze  

Malgre sa, lakay Israël p ap dakò koute ou, akoz yo p ap dakò koute Mwen menm. Anverite, tout lakay Israël gen tèt di e wondonmon.


Yon disip pa pi wo pase enstriktè li, ni yon esklav pase mèt li.


Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.


Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon.


“Yon disip pa pi wo ke mèt li; men Nenpòt moun, lè li fin enstwi, ap tankou mèt li.


Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.


Alò, chèf prèt yo ak Farizyen yo te bay lòd pou si nenpòt moun te konnen kote Li te ye, yo dwe bay rapò pou yo ta kab sezi L.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la.


Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.


Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.


“Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.”


Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’


Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.


pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi.


Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun.


Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.


SENYÈ a te di a Samuel: “Koute vwa a pèp la selon tout sa ke yo di ou, paske yo pa t rejte ou, men yo te rejte Mwen kòm wa sou yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite