Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 13:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou li te kite tè sa a pou li al jwenn Papa a. Li pa te manke renmen moun pa li yo ki nan lemonn lan. Li te renmen yo nètale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.

Gade chapit la Kopi




Jan 13:1
44 Referans Kwoze  

Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.


Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.


“Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt.


Mwen te sòti nan Papa a, e te vini nan lemonn. M ap kite lemonn ankò e ap prale kote Papa a.”


Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye,


Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”


ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.


Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn.


Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kapab bay a Ou menm.


e nan Jésus Kri, temwen fidèl la, premye ne de lanmò a, e chèf a wa latè yo. A Sila ki renmen nou an, ki te libere nou de peche nou yo pa san Li—


Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;


“E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.


Apre Li te vin kote disip Li yo. Li te mande yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, lè a rive. Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo.


Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a—


Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen,


Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.


Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an.


E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”


“Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.


Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.


E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.


Pou sa, Jésus te di yo: “Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.


Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.


Pandan ke Mwen te avèk nou chak jou nan tanp lan, nou pa t mete men sou Mwen; men lè sa a avèk pouvwa tenèb la se lè pa nou an.”


Lè jou yo t ap pwoche pou L te leve, li te pran desizyon nèt pou ale Jérusalem.


Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen de laj.”


SENYÈ a te parèt a li menm soti lwen epi te di: “Wi, Mwen te renmen ou ak yon lanmou ki p ap janm fini. Konsa, Mwen te atire ou ak lanmou dous.


Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.


Mwen t ap Rejwi nan mond Li a, e fè kè kontan nan fis a lòm yo.


Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.


Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.


Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l. “Leve, annou kite isit la.”


Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite