Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Li pat di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:6
19 Referans Kwoze  

Moun fou a di nan kè l: “Nanpwen Bondye.” Yo konwonpi. Yo te fè zak abominab. Nanpwen ki fè sa ki bon.


Moun ladwati a gen kè pou dwa malere; men mechan an pa menm konprann afè sa a.


Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benifis pa yo.


Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”


avèk Jeanne, madanm Chouza a, entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.


Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.


“Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?”


Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.


ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.


Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo bagay ke mwen te vrèman vle fè.


e evite tout kalite mal.


Paske si yon moun vini nan asanble nou an avèk yon bag ki fèt an lò, abiye ak bèl rad, e la tou, gen yon pòv ak rad sal,


Men nou te dezonore moun pòv la. Èske se pa rich yo ki oprime nou e mennen nou tout nan tribinal.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite