Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 — Poukisa yo pat vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye, nou ta bay pòv yo kòb sa a?

Gade chapit la Kopi




Jan 12:5
16 Referans Kwoze  

Alò, akoz nou nan sèvis palè a, e se pa pwòp pou nou ta wè derespektan kont wa a; pou sa a, nou te voye enfòme wa a,


Men li te di: “Nou se parese! Nou pa travay menm! Se pou sa nou di: ‘Kite nou ale fè sakrifis a SENYÈ a.’


“Menm fòs brik yo te konn fè avan an, fòk nou egzije yo fè l. Nou pa pou redwi li menm. Paske yo se parese! Se pou sa y ap kriye a: ‘Kite nou ale fè sakrifis a Bondye nou an.’


ka p di: ‘Kilè nouvèl lin nan ap fini pou nou ka vann sereyal la? Ak Saba a pou nou ka ouvri mache ble a? N ap fè efa a pi piti, e sik la pi gwo. Anplis, n ap twonpe ak balans malonèt,


“Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.


Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.


“Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi.


Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”


“Poukisa n ap gade pousyè ki nan zye a frè nou an, men pa okipe bout bwa ki nan zye pa nou an?


Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di:


Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.


Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.


Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite