Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 12:19 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

19 Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

19 Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: — Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Gade chapit la Kopi




Jan 12:19
14 Referans Kwoze  

Men lè yo pa t twouve yo, yo te kòmanse rale Jason ak kèk lòt nan frè yo devan otorite vil yo. Yo t ap rele: “Mesye sa yo k ap boulvèse tout mond lan rive isit la tou.


Tout ekstremite tè a nèt va sonje. Yo va vire bò kote SENYÈ a. Konsa, tout fanmi nan nasyon yo va adore devan Ou.


Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.


Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M.


Yo te vin kote Jean pou di l, “Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”


Nan jou k ap vini yo, Jacob va pran rasin. Israël va fleri e boujonnen. Yo va plen tout mond lan ak fwi.


Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil.


Tande sa, tout pèp yo! Prete zòrèy nou, tout sila ki rete nan mond la!


Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.


Konsa, te gen sèten Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite