Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 12:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Sis jou anvan fèt Pak jwif yo, Jezi tounen Betani kote Laza te rete a. Laza se nonm li te resisite a. Nan denmen maten, tout foul moun ki te vini pou fèt Pak jwif yo, yo te vin konnen Jezi t'ap rive lavil Jerizalèm.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete.

Gade chapit la Kopi




Jan 12:1
13 Referans Kwoze  

Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.


Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke lè a te deja fè tà.


Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo.


E te gen yon fanm nan vil la ki te yon pechè. Lè l vin konprann ke Li te sou tab lakay Farizyen an, li te pote yon bokal blan plen avèk pafen albat.


Alò, yon sèten mesye te malad. Lazare a Béthanie, vilaj kote Marie ak sè li Marthe te rete a.


Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.”


E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li. Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”


Alò, Pak Jwif la te pwòch, epi anpil te kite andwa andeyò yo pou monte nan Jérusalem, pou yo ta kab vin pirifye.


Nan jou aprè a, yon gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem,


Konsa, te gen sèten Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la.


Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite