Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 11:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Pou sa, lè L tande ke Li te malad, Li te rete de jou anplis nan plas kote Li te ye a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l te ye a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a.

Gade chapit la Kopi




Jan 11:6
10 Referans Kwoze  

Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni!


Konsa, li te vire lwen yo e li te kriye. Men lè li te retounen vè yo, li te pale avèk yo. Li te pran Siméon nan mitan yo, e li te mare li devan zye yo.


Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”


Konsa, Jésus te renmen Marthe ak sè li, ak Lazare.


Apre sa, Li te di a disip Li yo: “Annou ale nan Judée ankò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite