Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 11:44 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

44 E sila ki te mouri an te sòti byen mare men ak pye yo avèk twal ki te vlope l, e yon twal ki te vlope figi li. Jésus te di yo: “Demare l epi lage l.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

44 Mò a sòti, de pye l ak de men l yo tou mare ak bann twal, figi l tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: — Demare l non, kite l ale.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

44 Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou. Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”

Gade chapit la Kopi




Jan 11:44
20 Referans Kwoze  

“Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.


men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.


ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.


Mwen avèk Papa a se youn.”


Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.


Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.


“Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.


Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.


e Sila ki viv la. Mwen te mouri, e gade, Mwen viv pou tout tan. Amen. Mwen gen kle Lanmò ak Sejou Lanmò yo.


Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.


Konsa, Li te bay yo yon lòd sevè ke pèsòn pa dwe tande afè sa a. Epi Li di yo pou bay tifi a yon bagay pou li manje.


Mwen va rachte yo soti anba pouvwa a Sejou mò yo; mwen va rachte yo soti anba lanmò. O lanmò! Kote pikan ou yo? O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an? Repantans va vin kache devan zye M.


Paske Li te pale e mond lan te fèt. Li te kòmande e li te kanpe fèm.


Lè l bese gade ladann, li te wè twal lèn yo atè a, men li pa t antre.


Jésus te di: “Retire wòch la.” Marthe, sè mò a te di Li: “Senyè, pou lè sa, li va santi. Li la depi kat jou.”


“Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa;


Lè L fin te di bagay sa yo, Li te kriye avèk yon gwo vwa: “Lazare, sòti deyò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite