Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 11:33 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

33 Konsa, lè Jésus te wè l t ap kriye, epi Jwif ki te avè l yo t ap kriye, Li te vrèman etone nan fon lespri Li, e te twouble.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

33 Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif ki te vin avè l yo, sa te fè l mal anpil, kè l t'ap fann.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

33 Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble.

Gade chapit la Kopi




Jan 11:33
15 Referans Kwoze  

Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.


Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”


Anpil nan Jwif yo te deja vin kote Marthe ak Marie pou konsole yo konsènan frè yo.


Jwif yo ki t ap konsole li nan kay la te wè l leve vit e sòti. Epi yo sipoze ke li t ap ale nan tonm nan pou kriye.


Li te di: “Kibò nou mete Li?” Yo te di Li: “Senyè, vin wè.”


Pou sa, Jésus, ankò, etone byen fon nan lespri li, te vin bò kote tonm nan. Se te yon kav e yon wòch te apiye sou Li.


“Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.


Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”


Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.


Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite