Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 11:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Konsa, Marthe te di a Jésus: “Senyè, si Ou te la, frè m nan pa t ap mouri.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Mat di Jezi konsa: — Mèt, si ou te la, frè m lan pa ta mouri non.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri.

Gade chapit la Kopi




Jan 11:21
12 Referans Kwoze  

Konsa, famn nan te di a Élie: “Kisa mwen gen avè w, O nonm Bondye? Ou te vin kote mwen pou fè m vin sonje inikite mwen e mete gason mwen an a lanmò!”


Wi, yo te pale kont Bondye. Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?


Anpil fwa, yo te pase Bondye a leprèv, epi te fè Sila Ki Sen A Israël la soufri doulè.


Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”


Se te sè Lazare, Marie ki te onksyone Senyè a avèk lwil chè a, epi te siye pye Li avèk cheve li. Se frè li, Lazare, ki te malad.


Konsa, sè yo te voye kote Li pou di L: “Senyè, sila ke ou renmen an malad.”


Konsa, lè Marie te vini kote Jésus, li te tonbe nan pye Li, e te di L: “Senyè, si Ou te isit la, frè m nan pa t ap mouri.”


Men kèk nan yo te di: “Èske nonm sila a ki te louvri zye a sa ki te avèg la, pa t kab anpeche moun sa a mouri osi?”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite