Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 10:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Gen lòt ki t'ap di: — Yon moun ki gen move lespri sou li pa ta pale konsa. Eske move lespri kapab louvri je avèg?

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Gen lòt moun ki t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl yon moun ki gen move lespri nan tèt li. Èske yon move lespri kapab louvri je moun avèg?”

Gade chapit la Kopi




Jan 10:21
11 Referans Kwoze  

SENYÈ a te di li: “Kilès ki te fè bouch a lòm? Oswa kilès ki te fè l bebe, (oswa) soud, oswa pou l wè oswa pou li pa wè. Èske se pa Mwen, SENYÈ a?


Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la.


Sila ki plante zòrèy la, èske Li pa tande? Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.


Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li.


Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.


Zòrèy ki tande ak zye ki wè; se SENYÈ a ki te fè tou de.


SENYÈ a ouvri zye a avèg yo. SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo. SENYÈ a renmen moun ladwati yo.


Alò, majisyen yo te di a Farawon: “Sa se dwat Bondye.” Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.


Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite