Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Jan 1:50 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

50 Jésus te reponn Li e te di: “Akoz Mwen te wè ou anba pye figye a, ou kwè? W ap wè pi gwo bagay pase sa yo.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

50 Jezi reponn li: — Men wi, paske mwen di ou mwen te wè ou anba pye figfrans lan, poutèt sa ou kwè! Ou gen pou wè pi gwo bagay pase sa toujou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

50 Jezi reponn li: “Ou kwè, paske m di w mwen te wè w anba pye figye a? Ou gen pou ou wè pi gwo bagay pase sa.”

Gade chapit la Kopi




Jan 1:50
9 Referans Kwoze  

Jésus te di li: “Èske Mwen pa t di ou ke si Ou kwè, ou va wè glwa Bondye?”


Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men te kwè.”


Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”


Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l.


Alò, lè Jésus te tande sa, Li te etone de li. Li te vire di foul ki t ap swiv Li a: “Mwen di nou, pa menm an Israël Mwen pa t twouve yon si gran lafwa.”


Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l.


Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.


Natanaël te reponn Li: “Rabbi, ki vle di ‘Mèt’, Ou menm se Fis Bondye a. Ou se Wa Israël la.”


E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite