Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Jan 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li te vin nan mitan pèp li a, men pèp li a pa te resevwa li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li.

Gade chapit la Kopi




Jan 1:11
17 Referans Kwoze  

Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”


“Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’


Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li.


Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li,


Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.


Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li.


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen n ap vire bò kote pèp etranje yo.


Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.


Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo;


M ap di nou verite nan Kris la, mwen p ap bay manti. Konsyans mwen temwaye pou mwen nan Lespri Sen an,


ki gen patriyach yo, e ki se zansèt a Kris la selon lachè; Li menm ki sou tout bagay, Bondye beni pou tout tan an. Amen.


Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite