Jak 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman. Gade chapit la1998 Haïtienne12 Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil12 Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w. Gade chapit la |