Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filipyen 4:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Se pou sa, frè m yo ak zanmi m yo, nou menm mwen anvi wè anpil la, nou menm ki fè kè m kontan an, nou menm ki yon lwanj pou mwen an, se konsa pou nou kenbe fèm nan lavi n'ap mennen ansanm nan Senyè a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Frè m ak sè byeneme m yo, mwen anvi wè nou anpil. Nou fè kè mwen kontan epi mwen fyè de nou. Poutèt sa, byeneme, kontinye rete fidèl epi rete atache ak Senyè a.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 4:1
35 Referans Kwoze  

Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la,


Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.


k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.


Tann SENYÈ a. Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj. Wi, tann SENYÈ a.


Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.


Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.


Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.


Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl;


Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.


Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a.


Paske li te trè anvi wè nou tout, e te twouble akoz ke nou te tande ke li te malad.


Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.


Konsa, lè l rive, e te wè gras Bondye a, li te rejwi. Li te kòmanse ankouraje yo tout, pou yo avèk yon sèl panse, ta rete fidèl a Senyè a.


Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.


Sila ki mete konfyans yo nan SENYÈ a tankou Mòn Sion, ki pa kab deplase, men ki dire jis pou tout tan.


Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou.


Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.


Paske nou gen tan devni patisipan an Kris si nou kenbe fèm a premye asirans nou an jiska lafen;


Konsa, frè m yo, kanpe fèm e kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.


Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.


Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.


La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.”


Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.


Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.


Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen; mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite