Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filipyen 2:16 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

16 lè n'ap ba yo mesay ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pat fatige kò m pou gremesi, mwen pat travay mal.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

16 Ba yo tout ansèyman ki bay lavi, pou m ka fyè de nou, lè Jezi va retounen. M va wè m pa t travay an ven.

Gade chapit la Kopi




Filipyen 2:16
24 Referans Kwoze  

Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.


Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven.


Sa ki te ye depi kòmansman an, sa ke nou te tande, sa ke nou te wè avèk zye nou yo, sa ke nou te byen konnen, epi te manyen avèk men nou yo, konsènan Pawòl Lavi a;


Menm jan ou te osi konprann nou nan yon pati a, ke ou se rezon fyète nou nan jou a Senyè nou an Jésus, menm jan tou ke ou se rezon fyète pa nou an.


Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo.


Pou rezon sa a, lè mwen pa t kapab andire li ankò, mwen osi te voye enfòme de lafwa nou, avèk krent pou tantatè a ta ka petèt vin tante nou, e pou travay nou an ta anven.


“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.


“ Mwen di nou, tout sila yo ki konfese M devan lèzòm, Fis a Lòm nan va konfese l tou devan zanj a Bondye yo;


Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo.


paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.


Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a.


Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.


Men Mwen te di: “Mwen te travay di an ven. Mwen te depanse fòs Mwen pou ryen ak vanite; sepandan, anverite, jistis pa m avèk SENYÈ a, e rekonpans Mwen avèk Bondye Mwen an.”


O Bondye, Ou te enstwi mwen depi jenès mwen. Jiska prezan, mwen toujou deklare mèvèy Ou yo.


Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.


“Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj sali sila a voye.


Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la.


Mwen te pwoklame bòn nouvèl ladwati yo nan gran asanble a; Gade byen, mwen p ap anpeche lèv mwen; O SENYÈ, Ou konnen.


ki va osi konfime nou jiska lafen, san defo nan jou Senyè nou an, Jésus Kri.


Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.


Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite