Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Filemon 1:7 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

7 Se pa ti kontan m te kontan, sa te ankouraje m anpil, frè mwen, lè m tande jan ou renmen moun ki fè pati pèp Bondye a, jan ou te remoute kouray yo anpil.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

7 Frè mwen, lanmou ou te montre pou pèp Bondye a te ankouraje kè yo. Sa te ban m anpil kè kontan ak ankourajman tou.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:7
11 Referans Kwoze  

Paske yo te renouvle lespri mwen ak lespri pa nou osi. Donk se pou nou rekonèt moun tankou sa yo.


Pou rezon sa a, nou te rekonfòte. Epi anplis de rekonfò nou, nou te rejwi menm plis pou lajwa a Tite, paske lespri li te vin rafrechi pa nou tout.


Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.


San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.


Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.


Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a.


Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz ou menm?


Ke Senyè a bay mizerikòd a lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo;


Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. Rafrechi kè m nan Kris la.


Mwen te tèlman kontan pou twouve kèk nan timoun ou yo ki t ap mache nan laverite a, jis jan ke Papa a te kòmande nou fè a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite