Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Filemon 1:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Se paske mwen konnen w'ap fè sa m mande ou la ki fè m ekri ou lèt sa a. Mwen konnen ou va fè pi plis pase sa m mande ou la.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

21 Mwen ekri w, paske m konnen ou ap fè sa m mande w la, epi menm plis pase sa.

Gade chapit la Kopi




Filemon 1:21
6 Referans Kwoze  

Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo.


Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout.


Mwen rejwi ke nan tout bagay mwen gen konfyans nan nou.


Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.


Nou te voye avèk yo, frè nou an, ke nou souvan teste, e twouve zèl nan anpil bagay, men koulye a menm pi zele akoz de gran konfyans li nan nou menm.


si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite