Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ezekyèl 15:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Èske ou ka retire bwa sou li pou fè yon bagay, oswa èske moun ka fè yon kwòk ak li pou pann veso?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l pou pandye bagay?

Gade chapit la Kopi




Ezekyèl 15:3
7 Referans Kwoze  

“Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo—anverite, konsa”, pale SENYÈ a—“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo.


Fis a lòm, kisa bwa chan rezen fè pou l pi bon pase nenpòt bwa branch lyann yo ki pami pyebwa forè yo?


Si yo te mete li nan dife la pou brile, dife a fin manje de pwent li e mitan an fin boukannen tounwa. Konsa, èske li ka itil pou yon bagay?


“Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.


“Disèl la bon, men si disèl la vin pèdi gou, kilès k ap fè l gen gou sèl ankò. Fòk nou gen sèl nan nou, e rete anpè youn avèk lòt.”


Men Jaël, madanm a Héber a, te pran yon pikèt tant lan. Li te pran yon mato nan men li, e li te pwoche li dousman. Konsa, li te frape pikèt la fè l kreve tèt li jis rive atè, paske li te fatige nèt e li t ap dòmi. Konsa, li te mouri.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite