Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ezekyèl 13:4 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

4 O Israël, pwofèt nou yo te tankou rena pami pil mazi ki fin kraze.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

4 Koute, moun Izrayèl: pwofèt nou yo p'ap sèvi nou anyen. Yo tankou chat mawon k'ap viv nan vye kay kraze moun bandonnen.

Gade chapit la Kopi




Ezekyèl 13:4
16 Referans Kwoze  

Kenbe rena yo pou nou, ti rena k ap detwi chan rezen yo, paske chan nou yo ap fè flè.


Akoz Mòn Sion ki kouche dezole nèt, rena yo fè patwouj ladann.


Konsa pale Senyè BONDYE a: “Malè a pwofèt san konprann k ap swiv pwòp lespri pa yo, e ki pa t vrèman wè anyen.


Nou pa t antre nan brèch yo, ni nou pa t bati yon miray pou antoure lakay Israël pou l ta ka kanpe nan batay nan jou SENYÈ a.


Si yon nonm ap mache nan yon lespri manti pou l di: “Mwen va pale avèk nou konsènan diven ak bwason fò,” li ta kapab menm vin pwofèt a pèp sa a.


Konsa pale SENYÈ a konsènan pwofèt ki te mennen pèp mwen an nan erè yo. Lè yo bay yo kèk bagay pou mòde ak dan yo, yo kriye: “Lapè”! men kont sila ki pa mete anyen nan bouch yo, yo deklare lagè.


“Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye.


Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo.


Men se te akoz de fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj.


Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;


Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite