Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ezayi 48:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Mwen te deklare ansyen bagay lontan yo, yo te sòti nan bouch Mwen e Mwen te pwoklame yo. Sibitman Mwen te fè yo, e yo te vin rive.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Depi lontan mwen te fè nou konnen davans sa ki ta pral rive. Mwen te pale pou tout moun tande. Mwen rete konsa, mwen fè sa m gen pou m fè a, epi yo rive vre.

Gade chapit la Kopi




Ezayi 48:3
16 Referans Kwoze  

Men fòs kantite a lènmi ou yo va devni tankou pousyè fen e fòs kantite a mechan san prensip yo va tankou pay k ap vannen ale. Sa va fèt nan yon moman; sibitman.


akoz sa, inikite sa a va pou nou kon yon gwo brèch nan miray ki prèt pou tonbe a, yon gwo pati k ap souke nan yon miray ki wo, ki ka pete tonbe sibitman, nan yon enstan.


Akoz laraj ou fè kont Mwen, e akoz ògèy ou rive monte nan zòrèy Mwen; pou sa, Mwen va mete yon gwo kwòk nan nen ou ak brid Mwen nan lèv ou, e Mwen va vire fè ou tounen pa chemen ke ou te antre a.”


Gade byen, Mwen va mete yon lespri nan li pou l tande yon rimè pou li retounen nan pwòp peyi li. Epi Mwen va fè l tonbe pa nepe nan pwòp peyi li.”’”


Mennen fè yo vin parèt e deklare a nou menm sa ki va rive! Epi pou evenman lontan yo, deklare kisa yo te ye, pou nou ka konsidere yo, e konnen kijan y ap sòti. Oswa, anonse a nou menm sa k ap vini an.


Mwen se premye pou di a Sion: ‘Men vwala, men yo la;’ epi a Jérusalem: ‘Mwen va voye yon mesaje bòn nouvèl’.


Gade byen, ansyen bagay yo te fin akonpli; koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo. Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”


Kite tout nasyon yo reyini ansanm e tout pèp yo rasanble. Kilès pami yo ki kapab deklare sa e pwoklame a nou menm bagay a tan ansyen yo? Kite yo prezante temwen pa yo pou yo ka jistifye, oswa kite yo tande e di: “Sa se vrè”.


Deklare e prezante ka nou an. Anverite, kite yo fè konsiltasyon ansanm. Se kilès ki te anonse sa depi nan tan ansyen yo, ki te deklare sa depi lontan? Èske se pa Mwen, SENYÈ a? Epi nanpwen lòt Dye sof ke Mwen, yon Dye ladwati e yon Sovè. Nanpwen lòt sof ke Mwen.


Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite