Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Ezayi 17:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Vil fòtifye a va disparèt nan Éphraïm e wa Damas la ak retay Syrie. Yo va tankou laglwa a fis Israël yo,” deklare SENYÈ dèzame yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Peyi Efrayim lan pral rete san anyen pou pwoteje l. Lavil Damas pral pèdi libète granmoun li. Ti rès moun peyi Siri a pral gen menm sò ak ti rès moun pèp Izrayèl yo. Yo pral pèdi bèl pouvwa yo. Se mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa.

Gade chapit la Kopi




Ezayi 17:3
27 Referans Kwoze  

Konsa, wa Assyrie a te koute li, epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li. Li te pote pèp li a deyò an egzil nan Kir, e li te mete Retsin a lanmò.


Nan nevyèm ane Osée a, wa Assyrie a te kaptire Samarie, li te pote pèp Israël la an egzil nan Assyrie, e li te fè yo rete Chalach avèk Chabor sou rivyè Gozan an ak nan vil a Medi yo.


Èske Calno pa tankou Carkemisch, oswa Hamath pa tankou Arpad? Ni Samarie pa tankou Damas?


Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”


Alò, nan jou sa a, glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri.


Paske Ou te fè yon gran vil vin tounen yon gwo pil wòch, yon vil byen fòtifye vin detwi nèt. Yon palè pou etranje yo pa yon vil ankò; li p ap janm rebati.


Paske avan jenn gason a va gen ase konesans pou refize mal e chwazi sa ki bon, peyi a de wa ke nou krent yo va abandone nèt.


Paske tèt Syrie a se Damas, tèt Damas se Retsin (e nan yon lòt swasann-senk ane, Éphraïm va kraze nèt jiskaske li pa menm yon pèp ankò),


Paske avan tigason an konnen jan pou li kriye: ‘Papa mwen oswa manman mwen’, tout richès Damas ak piyaj Samarie yo va fin pote ale devan wa Assyrie a.”


Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non Jizreel; paske deja nan yon ti tan mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini.


Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo.


Akoz sa, yon gran gè va leve pami pèp nou an e tout fòterès nou yo va detwi, tankou Schalman te detwi Beth-Arbel nan jou batay la, lè manman an te kraze an mòso ak pitit li yo.


Paske, fis Israël yo va rete pandan anpil jou san wa ni prens, san sakrifis, ni pilye sakre, san efòd e san zidòl lakay yo.


Israël vin vale nèt. Koulye a, se pami nasyon yo ye; tankou yon veso ki pa bay plezi a okenn moun.


Pou Éphraïm glwa yo va vole ale kon zwazo. P ap gen ni nesans, ni ansent, ni konsepsyon.


Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a, ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’ e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’; yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite