Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 8:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Mwen p'ap ka rete konsa pou m wè malè sa a ap tonbe sou moun pèp mwen yo, pou m wè y'ap touye tout fanmi m yo.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Mwen p ap ka pote chaj sa pou m wè y ap touye pwòp fanmi m.”

Gade chapit la Kopi




Estè 8:6
9 Referans Kwoze  

Paske nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”


Frè m yo, dezi kè m ak lapriyè m a Bondye se pou tout Jwif yo kapab sove.


O ke tèt mwen te dlo, e ke zye m yo te yon fontèn dlo, pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit pou lanmò a fi a pèp mwen an!


Nanm mwen, nanm mwen! Mwen nan gwo soufrans! O kè mwen! Kè m ap bat anndan m. Mwen p ap ka rete an silans, pwiske ou te tande, O nanm mwen, son de twonpèt la, alam lagè a.


Alò, nan douzyèm mwa a (sa vle di mwa Adar a), sou trèzyèm jou a, lè lòd a wa a avèk dekrè li a te prèt pou acheve, nan jou lè lènmi a Jwif yo te gen espwa vin mèt sou yo a, li te vin vire tèt anba jiskaske Jwif yo menm te vin domine sou sila ki te rayi yo.


Mwen te di a wa a: “Kite wa a viv jis pou tout tan. Poukisa figi mwen pa ta dwe tris lè vil la, plas a tonm papa zansèt mwen yo, dezole nèt e pòtay li yo fin brile ak dife?”


Paske kijan mwen kapab monte vè papa m si jènjan an pa avè m?—paske mwen pè pou m ta wè malè ki vin pran papa m.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite