Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Nan menm jou sa a, Wa Assuérus te bay lakay Haman, lènmi a Jwif yo, a rèn Esther. Mardochée te parèt devan wa a, paske Esther te pale wa a sa li te ye pou li.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Menm jou sa a, wa Asyeris pran tout byen Aman yo, nonm ki pat vle wè jwif yo, li fè larenn Estè kado. Estè fè wa a konnen Madoche se fanmi li. Depi lè sa a, Madoche te gendwa parèt devan wa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Nan menm jou a, wa Asyeris fè rèn Estè kado tout sa Aman, lènmi Jwif yo, te genyen. Estè te fè wa a konnen Madoche se kouzen l. Alò, Madoche pwoche devan wa a.

Gade chapit la Kopi




Estè 8:1
12 Referans Kwoze  

epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan—


Alò lè lè pou Esther, fi de Abichaïl la, tonton li, Mardochée, ki te pran li kon pwòp pitit pa li, te rive antre kote wa a, li pa t mande anyen sof ke sa ke Hégaï, enik a wa a ki te an chaj fanm yo, te konseye yo. Epi Esther te jwenn favè nan zye a tout moun ki te wè l yo.


Li t ap elve Hadassa, sa vle di, Esther, fi a tonton li an, paske li pa t gen papa ni manman. Alò, jenn demwazèl la te byen bèl sou fòm ni figi li e lè papa li avèk manman li te mouri, Mardochée te pran li kon pwòp fi pa li.


Esther te di: “Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!” Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan.


Pou sa, Wa Assuérus te pale a rèn Esther e a Mardochée, Jwif la: “Veye byen, Mwen te bay lakay Haman a Esther e li menm, yo te pann li sou wo etaj la akoz li te lonje men li kont Jwif yo.


Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj. Anverite, yo fè gwo zen pou ryen. Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.


Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li; men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.


Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan, ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.


“Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite