Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 6:3 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

3 Wa a te mande: “Ki distenksyon oswa onè yo te bay a Mardochée pou sèvis sa a?” Sèvitè a wa yo te di: “Anyen pa t fèt pou li.”

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

3 Wa a mande: — Kisa yo te fè pou Madoche lè sa a? Kisa yo te ba li pou sa? Mesye ki te la ap sèvi wa a reponn: — Yo pat fè anyen pou li non.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

3 Wa a mande: “Ki onè ak rekonpans Madoche te resevwa pou sa?” Sèvitè yo reponn wa a: “Yo pa t fè anyen pou li.”

Gade chapit la Kopi




Estè 6:3
12 Referans Kwoze  

Men, chèf responsab pote manje a pa t sonje Joseph. Li te bliye li.


Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf.


Li te twouve ekri ladann sa ke Mardochée te rapòte konsènan Bigthan avèk Théresch la, de nan enik wa ki te gadyen pòtay yo, ki te chache pou mete men yo sou wa Assuérus la.


Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.


Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a.


Men mwen te tande konsènan ou menm, ke ou kapab bay entèpretasyon, e rezoud pwoblèm difisil. Alò, si ou kapab li enskripsyon an, e fè mwen konnen entèpretasyon an, ou va abiye an mov, pote yon kolye an lò nan kou ou e ou va gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.”


Konsa, Belschatsar te pase lòd pou yo te abiye Daniel an mov, e mete yon kolye an lò nan kou li. Li te pibliye yon dekrè selon li ke Daniel te gen otorite kon twazyèm chèf nan wayòm nan.


Wa a te rele byen fò pou yo mennen mèt zetwal yo, Kaldeyen ak divinò yo. Wa a te pale e te di a mesye saj Babylone yo: “Nenpòt moun ki ka li enskripsyon sa a e eksplike entèpretasyon li, li va abiye an mov, resevwa yon kolye an lò nan kou li, e vin jwenn pozisyon kon twazyèm chèf nan peyi a.”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite