Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 5:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Epi Zéresch, madanm li an, te di li: “Fè yo prepare yon wo etaj senkant koude nan wotè, e demen maten, mande wa a pou pann Mardochée ladann. Epi apre, ale nan bankè a avèk jwa.” Konsèy la te fè Haman byen kontan e li te fè yo prepare etaj la.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Lè sa a, Zerès, madanm li, ak tout zanmi l yo di l konsa: — Poukisa ou pa fè yo kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay ou? Denmen maten, w'a mande wa a pou yo pann Madoche nan poto a. Apre sa, w'aval nan fèt la ak kè kontan. Aman wè se te yon bon lide yo te ba li la a. Li fè kanpe yon poto swasannkenz pye wotè nan lakou lakay li.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Konsa, Zerèch, madanm Aman, ak tout zanmi Aman yo ba l konsèy sa a tou: “Fè yon moun prepare poto ki gen anviwon swasant kenz pye wotè. Demen maten, mande wa a pou fè pann Madoche ladan l. Konsa, w ap prale nan festen an ak wa a ak kè kontan.” Aman te renmen konsèy yo ba li a. Konsa, li fè prepare platfòm poto a pou li.

Gade chapit la Kopi




Estè 5:14
22 Referans Kwoze  

Achitophel te di a Absalom: “Antre nan ti mennaj papa ou te lese pou okipe kay la; epi tout Israël va tande ke ou te fè tèt ou rayisab a papa ou. Anplis, men a tout sila ki avèk ou yo va vin ranfòse.”


Anverite, pa t gen moun tankou Achab ki te vann tèt li pou fè mal devan SENYÈ a, akoz madanm li, Jézabel te chofe li.


Jézabel, madanm li te di li: “Èske koulye a se ou ki renye sou Israël? Leve, manje pen e kite kè ou kontan. Mwen va ba ou chan rezen a Naboth, Jizreyelit la.”


Pou sa, wa a te di: “Kilès ki nan lakou a?” Alò, Haman te fenk antre nan lakou deyò a palè wa a pou l ta kab pale avèk wa a konsènan afè pann Mardochée sou etaj ki te bati pou li a.


Mechan yo rale nepe e koube banza yo, pou jete aflije yo avèk malere a, pou touye sila ki dwat nan kondwit yo.


Mechan an ap veye dwat la pou chache touye li.


Nasyon yo fin fonse kole nan twou fòs yo te fè a; nan pèlen yo te fè, pwòp pye yo vin kole ladann.


men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.


Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.


Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.


pye yo kouri rapid pou fè san koule.


Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite