Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 4:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Anplis, li te bay li yon kopi a dekrè ki te pibliye Suse la pou detwi yo, pou li ta kapab montre Esther pou fè l konnen e bay li lòd pou rive antre kote wa a pou plede pou favè li e plede avè l pou pwoteksyon pèp li a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Li bay Atach yon kopi lòd wa a yo te pibliye lavil Souz la, ki te mande pou yo te detwi tout jwif yo. Madoche mande l pou l pote kopi piblikasyon an bay Estè, pou li esplike l sitirasyon an, lèfini pou Estè al bò kote wa a pou pale avè l, pou mande l gras pou pèp li a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

8 Madoche bay Atak yon kopi dekrè wa a pase pou touye Jwif yo. Li ensiste pou Atak montre Estè lèt la, pou l rakonte l tout bagay epi pou l ankouraje Estè ale kote wa a pou mande l yon favè pou Madoche ansanm ak pèp li a.

Gade chapit la Kopi




Estè 4:8
14 Referans Kwoze  

Esther potko fè yo konnen fanmi li yo, ni pèp li a, jis jan ke Mardochée te bay li lòd fè a, jis jan li te fè lè se te li ki t ap swaye li a.


Hathac te retounen e te fè Esther konnen pawòl a Mardochée yo.


Paske, kijan mwen kab sipòte wè gwo dezas ki va rive pèp mwen an, e kijan mwen kab sipòte wè destriksyon a fanmi mwen yo?”


Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.


Priye pou lapè Jérusalem. Sila ki renmen ou yo va pwospere.


Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a; Li vire l kote Li vle.


Si kòlè a wa a vin monte kont ou, pa abandone pozisyon ou; paske rete kalm ka evite gwo ofans.


Alò, Hérode te byen fache avèk moun Tyr ak Sidon yo. Men yo te vin kote l ansanm lè yo te fin fè zanmi avèk Blaste, asistan pèsonèl a wa a, yo t ap fè demann lapè, akoz ke peyi pa yo te resevwa, manje nan men a peyi wa a.


Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la,


Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite