Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 3:5 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

5 Lè Haman te wè ke Mardochée pa t bese ni ba li onè, Haman te ranpli avèk laraj.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

5 Lè Aman wè Madoche te derefize ni mete ajenou, ni bese tèt li jouk atè devan li lè l'ap pase, li ofiske.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

5 Aman te fin anraje, lè yo fè li wè Madoche pa vle met ajenou nan pye l pou onore l.

Gade chapit la Kopi




Estè 3:5
13 Referans Kwoze  

Konsa, Nebucadnetsar te ranpli ak chalè kòlè e figi li te vin move kont Schadrac Méschac ak Abed-Nego. Li te reponn ak bay lòd pou monte chalè founo a sèt fwa plis ke li te konn brile a.


Alò, Haman te sòti nan jou sa a byen kontan avèk rejwisans nan kè l, men lè li te wè Mardochée nan pòtal palè a wa a, e te wè li pa t leve, ni tranble devan l, konsa, Haman te ranpli avèk laraj kont Mardochée.


Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè; men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.


Tout sèvitè a wa yo ki te nan pòtay a wa a te bese ba e te bay onè a Haman; paske, se sa wa a te kòmande pa li menm. Men Mardochée pa t bese, ni pa t bay onè.


Yon nonm ak gwo kòlè va pote pinisyon li; paske si ou pwoteje moun nan ou va oblije fè l ankò.


Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit; men sila ki saj la evite wont.


Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.


Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.


Alò, li te rive ke lè yo te pale chak jou avèk li e li te refize koute yo, ke yo te pale Haman pou wè si koz a Mardochée a ta kanpe, paske li te di yo ke se yon Jwif li te ye.


Foli plase nan anpil kote byen wo pandan rich yo chita kote ki ba.


Mechan an fè konplo kont sila ki dwat yo. Li manje dan l sou li.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite