Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 3:15 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

15 Mesaje wa yo te sòti, ranfòse pa dekrè a wa a, pandan dekrè a te pibliye nan sitadèl Suse la. Wa a avèk Haman te chita ansanm pou bwè, men lavil Suse te twouble.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

15 Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesay la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

15 Sou lòd wa a, mesaje yo prese pote lèt yo ale tout kote nan wayòm nan. Yo bay mesaj la kote palè a ye a tou, nan lavil Souz la. Apre, wa a ak Aman te chita ansanm pou yo bwè. Epoutan, moun nan lavil Souz te boulvèse anpil lè yo te tande nouvèl sa a.

Gade chapit la Kopi




Estè 3:15
14 Referans Kwoze  

Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.


“Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.


Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.


Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo onksyone kò yo ak pi bon lwil yo, malgre sa, yo pa kriye pou Joseph, ki fin devaste nèt la.


Nan jou a wa nou an, prens yo te fè tèt yo malad ak chalè diven an. Li te lonje men li ak mokè yo.


Lè moun dwat yo vin ogmante, pèp la rejwi; men lè yon moun mechan gouvène, pèp la jemi.


Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal; epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo si yo pa fè lòt glise tonbe.


Paske pye yo kouri jwenn mal, e yo fè vit pou yo vèse san.


“Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”


Pou sa, Wa Roboam te fè boukliye an bwonz nan plas yo e te fè kòmandan a gad ki te veye pòtay kay la wa a responsab sou yo.


Alò, yo te chita pou manje yon manje. Epi pandan yo te leve zye yo, yo te gade, e vwala, yon ekip Izmayelit ki t ap sòti Galaad, avèk chamo ki t ap pote yon chaj gòm awomatik, bòm avèk mè pou rive an Égypte.


Nan setyèm jou a, lè kè a wa a te kontan ak diven, li te bay lòd a Mehuman, Biztha, Harbona, Bigtha, Abagtha, Zéthar, avèk Carcas, sèt enik ki te sèvi wa Assuérus,


Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans; Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an, Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.


Se pa pou wa yo, O Lemuel, se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite