Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 2:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 ki te ale an egzil soti Jérusalem avèk kaptif ki te ekzile avèk Jeconia yo, wa Juda ke Nebudkanetsar, wa Babylone nan, te fè ekzile a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Lè Nebikadneza, wa peyi Babilòn lan, te pran Jekonya, wa peyi Jida a, ansanm ak lòt prizonye yo nan lavil Jerizalèm pou l te depòte yo, Madoche te ladan l tou.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

6 Nebikadnetsa ki te wa Babilòn nan, te mennen Madoche soti Jerizalèm vin Babilòn kòm prizonye, ansanm ak Jekonya, wa peyi Jida a.

Gade chapit la Kopi




Estè 2:6
8 Referans Kwoze  

Jojakin, wa Juda a, te sòti kote wa a Babylone nan, li menm avèk manman li, sèvitè li yo avèk kapitèn li yo ak ofisye li yo. Konsa, wa a Babylone nan te pran li an kaptivite nan uityèm ane règn pa li a.


Konsa, Jojakim te dòmi avèk papa zansèt li yo e Jojakin, fis li a, te vin wa nan plas li.


Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.


“Kon Mwen viv la”, deklare SENYÈ a: “Menmsi Jeconia, fis a Jojakim nan, te yon bag so nan men dwat Mwen; malgre sa, Mwen ta rale retire ou.


Èske nonm sa a, Jenocia se yon po meprize, kraze nèt? Oswa èske li se yon veso lèd, san valè? Poukisa li menm ak desandan li yo te jete deyò konsa e depoze nan yon peyi ke yo pa t konnen?


Pawòl SENYÈ a te demontre m, epi, gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te fin retire Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite