Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 2:18 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

18 Epi wa a te bay yon gran bankè pou tout chèf li yo ak sèvitè li yo. Li te rele l bankè Esther. Li te pwokame l yon jou fèt pou pwovens yo, epi li te bay yo kado selon jenewozite a wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

18 Lèfini li voye envite tout chèf li yo ak moun pa li yo. Li fè yon gwo resepsyon pou estè. Li bay vakans nan tout peyi a nèt epi li voye kado adwat agoch jan wa yo te konn fè li a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

18 Wa a fè yon gran festen pou tout lidè ak tout fonksyonè sèvitè l yo pou onore Estè. Li bay jou sa a kòm konje nan tout vil pwovens yo. Apre sa, li voye kado toupatou bay pèp la poul montre jan l se yon wa ki jenere.

Gade chapit la Kopi




Estè 2:18
14 Referans Kwoze  

Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.


Konsa, Levit yo te kalme tout pèp la, epi te di: “Rete kalm, paske jou a sen. Pa fè doulè.”


Bwason yo te sèvi nan veso an lò a plizyè kalite, e diven wayal la te anpil, selon bonte a wa a.


paske nan jou sa yo, Jwif yo retire lènmi yo e se te nan mwa sa a ke tristès la te vin vire an kè kontan e kite rele anmwey la pou rive fè yon jou fèt; ke yo ta dwe fè yo jou a gwo bankè ak rejwisans; epi pou voye manje bay youn lòt avèk kado pou pòv yo.


Ale, O fi a Sion yo, e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li, nan jou kè kontan li an.


Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen, fi a maryaj mwen an. Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen. Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen; mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen. Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!


“Wayòm syèl la tankou yon wa ki fè yon fèt maryaj pou fis li.


Men yon jou okazyon an te vin parèt pandan fèt nesans Hérode. Li te ofri yon gwo fèt pou gwo chèf dirijan avèk kòmandan militè yo nan Galilée.


“Lè nou envite pa yon moun nan yon fèt maryaj, pa pran plas donè paske yon moun pi distenge pase ou kapab deja envite pa mèt la.


Epi sila ki rete sou latè yo va rejwi sou yo, e fete. Yo va voye kado bay youn lòt, paske de pwofèt sa yo te toumante sila ki rete sou latè yo.


Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vrè pawòl a Bondye.”


Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’”


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite