Bib sou entènèt

- Piblisite -




Estè 2:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

14 Nan aswè, li ta ale ladann e nan maten, li ta retounen nan dezyèm kay fanm yo, sou responsabilite Schaaschgaz, enik a wa a ki te an chaj konkibin a wa yo. Li pa t antre kote wa a ankò sof ke wa a te kontan anpil avèk li e te rele li eksprè pa non l.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

14 Se yon jou swa yo toujou mennen l. Nan maten, yo fè li ale nan yon lòt kay wa a te genyen pou mètrès li yo. Yo renmèt li nan men Chagaz ki te reskonsab kay sa a. Jennfi a pa te gen pou li te tounen kay wa a ankò, esepte si wa a te vle. Lè konsa se wa a ki pou bay non fi li vle a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

14 Jenn fi a ale kay wa a nan aswè. Nan demen maten, yo mennen l nan yon lòt kay wa te genyen pou medam li yo. Kay sa a te sou kontwòl chachgaz, yon enik ki te responsab tout madanm wa a te genyen. Jenn fi sa a pa t ka tounen nan kay wa a ankò, sof si wa a te kontan moman yo te pase epi li ta voye rele l ak non li.

Gade chapit la Kopi




Estè 2:14

Swiv nou:

Piblisite


Piblisite