Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 2:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Alò, lè chans a chak jèn demwazèl te vin rive pou antre kote wa Assuérus la, lè l te fin fè preparasyon douz mwa anba règleman pou fanm yo—paske jou pou konplete preparasyon bèlte yo te fini konsa: si mwa avèk lwil lami a, e si mwa avèk aplikasyon epis ak pafen pou fanm—

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madanm marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

12 Tout jenn fi yo te dwe pase douz mwa ap pase bon pwodui kosmetik sou kò yo: 6 mwa ap fwote kò yo ak lwil lami epi lòt 6 mwa a pou mete pafen ak lòt pwodui kosmetik. Apre sa, chak jenn fi sa yo te dwe vin jwenn wa Asyeris pou pase yon nwit avèk li, youn pa youn.

Gade chapit la Kopi




Estè 2:12
10 Referans Kwoze  

Chak jou, Mardochée te mache ale retou devan lakou fanm a wa yo pou vin aprann jan Esther te ye ak jan afè l t ap mache.


Men kòman jèn fi a ta antre kote wa a: nenpòt bagay ke li te dezire, ta bay a li menm pou pran avè l soti lakay fanm yo pou rive nan palè a wa a.


Kite wa a apwente sipèvizè nan tout pwovens a wayòm li yo pou yo kab rasanble tout bèl vyèj pou vin parèt nan sitadèl Suse la, antre nan kay fanm a wa a ki sou kontwòl Hégué a, enik a wa a, ki an chaj fanm yo. Kite yo byen prepare ak tout bagay pou fè yo bèl yo.


Alò, jèn fi a te fè l plezi e te twouve favè devan l. Pou sa, li te bay li tout atik twalèt avèk manje san fè reta, e li te ba li sèt sèvant de chwa nan palè a wa a, e te voye li avèk sèvant li yo nan pi bon kote pami fanm a wa yo.


Mwen te flite kabann nan ak pafen flè jasmen, lwil womaren ak kanèl.


Se kisa k ap monte kite dezè a tankou pilye lafimen yo, byen pafime ak fèy bazilik ak lansan, plen ak poud santi bon machann yo?


Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous, ap gen move odè pouriti; olye se sentiwon, ap gen yon kòd; olye se cheve swa byen ranje, ap gen yon tèt chòv; olye se bèl vètman, ya mete twal sak; epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.


Ou te ale kote wa a ak lwil, e ou te ogmante pafen ou yo; ou te voye mesaje ou yo rete lwen, e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite