Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 10:2 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

2 Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo?

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

2 Yo ekri tou sa wa a te fè nan gwo liv istwa wa peyi Medi ak peyi Pès yo. Yo di tout bèl bagay li te fè, jan li te yon vanyan gason. Yo bay tout ti detay sou jan li te rive mete Madoche nan gwo plas sa a.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

2 Yo te ekri nan Liv istwa wa Mèd ak Pès la tout gwo bagay wa Asyeris te fè ki montre gwo fòs pouvwa li. Yo ekri nan liv sa tou tout istwa ki konsènen Madoche ak tout gwo bagay wa a fè pou onore li.

Gade chapit la Kopi




Estè 10:2
10 Referans Kwoze  

Alò tout lòt zèv a Salomon yo ak tout sa li te fè ak sajès li, èske yo pa ekri nan liv a zèv Salomon yo?


Alò, tout lòt zèv a Jéroboam yo, jan li te fè lagè ak jan li te renye, men vwala, yo ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo.


Alò, tout lòt zèv a Achab yo avèk tout sa ke li te fè ak kay ivwa ke li te konstwi a ak tout vil ke li te bati yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?


Alò, lè yo fè rechèch nan konplo a e jwenn bout li, yo tou de te pann sou yon bwa; epi sa te ekri nan Liv Achiv Kwonik Yo nan prezans wa a.


Pandan nwit lan, wa a pa t kab dòmi. Pou sa, li te pase lòd pou mennen liv achiv kwonik yo pou yo te li li devan wa a.


Epi Mardochée te sòti nan prezans a wa a nan vètman wayal la ki te an koulè ble e blan, avèk yon gran kouwòn an lò ak yon manto fèt an len fen e mov; epi lavil Suse te fè yon gwo kri avèk jwa, e te rejwi.


Wa a te fin retire bag so ke li te retire nan men a Haman an e te bay li a Mardochée. Konsa, Esther te plase Mardochée sou kay Haman an.


Anverite, Mardochée te gran lakay a wa a e repitasyon li te gaye toupatou nan pwovens yo, paske nonm nan, Mardouchée, te vin pi gwo e pi gwo.


Anplis, Ou te ban mwen boukliye sali Ou e men dwat Ou te ban soutyen. Se bonte Ou ki fè m gran.


Konsa, wa a te Leve Daniel, te bay li anpil gwo kado. Li te fè li chèf sou tout pwovens a Babylone yo, e li te vin chèf an tèt a tout mesye saj a Babylone yo.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite