Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 10:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò Wa Assuérus te enpoze yon taks sou peyi a avèk peyi kot lanmè yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Wa Asyeris te bay lòd pou tout moun ki rete nan peyi a, ata moun nan zile yo, peye yon lajan.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Wa Asyeris pase lòd pou tout moun nan wayòm li a peye taks. Menm moun ki te rete bò lanmè byen lwen yo te dwe peye taks tou.

Gade chapit la Kopi




Estè 10:1
8 Referans Kwoze  

Depi nasyon sila a peyi kot yo te divize nan teritwa pa yo, yo chak selon langaj yo, selon fanmi pa yo, nan pwòp nasyon pa yo.


Alò li te vin rive nan tan Wa Assuréus la, menm Assuréus ki te renye soti Inde jis rive Éthiopie sou san-venn-sèt pwovens yo,


Pou sa, grefye a wa yo te rele nan lè sa a nan twazyèm mwa a (sa vle di, mwa Sivan an), nan twazyèm jou a; epi, li te ekri selon tout sa ke Mardochée te kòmande a Jwif yo, reprezantan a wa yo nan pwovens yo, gouvènè yo, avèk chèf a pwovens ki te lonje rive soti nan Inde jis rive Ethiopie, san-venn-sèt pwovens, a chak pwovens selon ekriti pa li e a chak pèp selon langaj yo, epi anplis a Jwif yo selon ekriti pa yo, avèk langaj pa yo.


Wa a Tarsis yo avèk lil yo va pote kado. Wa a Séba avèk Saba yo ap ofri kado.


Li va vin rive nan jou sa a ke SENYÈ a va ranmase yon dezyèm fwa ak men Li, retay a pèp Li a ki rete soti Assyrie Égypte, Pathros, Cush, Élam Schinear, ak Hamath ak devan lil lanmè yo.


Pou sa, bay glwa a SENYÈ a nan lès, non SENYÈ a, Bondye Israël la, nan peyi kot lanmè yo.


Apre sa li va vire fas li vè peyi kot yo, e li va kaptire anpil nan yo. Men yon chèf va fè repwòch li a sispann. Anplis, li va fè l peye pou ensolans li.


Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite