Estè 1:14 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen14 epi te gen toupre li: Carschena, Schéthar, Admatha, Tarsis, Mérés, Marsena, Memucan, sèt chèf de Perse avèk Médie yo, ki te gen abitid antre nan prezans a wa a, e te chita nan premye plas nan wayòm nan— Gade chapit la1998 Haïtienne14 Men konseye ki te pi pre l yo se te Kachna, Cheta, Admata, Tachich, Meris, Masena ak Mimoukan, sèt gwo chèf ki te sòti nan peyi Pès ak nan peyi Medi ki te gendwa wè wa a lè yo vle. Lèfini, se yo ki te gen premye plas nan gouvènman an. Gade chapit laNouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil14 Pami konseye wa a te pi fè konfyans yo, te gen Kachna, Cheta, Admata, Tasis, Merès, Masena ak Memoukan. 7 ofisye peyi Pès ak peyi Mèd sa yo te gen privilèj pou y ale devan wa a nenpòt lè. Gade chapit la |