Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Estè 1:11 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

11 pou mennen fè parèt nan prezans li, rèn nan, Vasthi, avèk kouwòn wayal la, pou montre bèlte li a pèp la e a moun pwisan yo, paske li te tèlman bèl.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

11 Li ba yo lòd pou y'al chache larenn Vachti ak tout kouwòn li sou tèt li. Larenn lan te yon bèl fanm. Wa a te vle fè pèp la ak tout chèf li yo wè jan li bèl.

Gade chapit la Kopi

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

11 Li pase mesye yo lòd pou al chache rèn Vasti mennen ba li ak tout kouwòn wayal li sou tèt li. Rèn Vasti te yon fanm ki bèl anpil. Wa a te vle montre pèp la ansanm ak ofisye yo kijan rèn nan bèl.

Gade chapit la Kopi




Estè 1:11
9 Referans Kwoze  

Alò, nan tout Israël, pa t gen lòt moun ki te pi bo ke Absalom, ki te resevwa lwanj tankou li. Soti nan talon pye li jis rive anwo tèt li, pa t gen defo menm.


Men rèn Vasthi te refize vini sou lòd a wa a, ki te livre pa enik yo. Konsa, wa a te vin byen fache e lakòlè te brile anndan l.


Wa a te renmen Esther plis pase tout fanm yo, e li te twouve gras avèk favè devan li menm plis pase tout lòt vyèj yo, jiskaske li te mete kouwòn wayal la sou tèt li e te fè li rèn nan plas a Vasthi a.


kite yo mennen yon vètman wayal ke wa a te konn mete, avèk cheval ke wa a te konn monte e sou tèt a sila, yon kouwòn wa a te fin mete.


Panse a lòm fè plan pou wout li; men SENYÈ a dirije pa li yo.


Chàm konn twonpe e bèlte konn vanite; men se fanm nan ki krent SENYÈ a k ap resevwa lwanj.


Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite