Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:23 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

23 Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te koute sa nou te mande a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

23 Se konsa nou fè jèn, nou lapriyè Bondye pou l pwoteje nou. Epi li reponn lapriyè nou yo.

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:23
18 Referans Kwoze  

Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.


Alò, Joachaz te sipliye SENYÈ a pou fè li favè, e SENYÈ a te koute li; paske Li te wè opresyon Israël la, jan Syrie t ap oprime yo.


Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.


Epi nou te vwayaje soti nan rivyè Ahava a nan douzyèm jou nan premye mwa a pou monte Jérusalem. Lamen Bondye nou an te sou nou, e Li te delivre nou soti nan men a lènmi yo, ak anbiskad nan chemen yo.


Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo.


“Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”


Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou; pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.


SENYÈ a va frape Égypte; frape, men geri li. Yo va retounen kote SENYÈ, epi Li va reponn yo e geri yo.


‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’


Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè.


Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye.


Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite