Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:21 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

21 Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

21 Antan nou la bò kannal Aava a, mwen bay lòd pou tout moun fè jèn, pou nou soumèt nou devan Bondye, pou mande l pou nou fè yon bon vwayaj, pou l pwoteje nou, pitit nou yo ansanm ak tout byen nou yo.

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:21
37 Referans Kwoze  

Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda.


Konsa, Juda te rasanble ansanm pou chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.


Alò, mwen te rasanble yo akote rivyè ki kouri rive Ahava a, kote nou te fè kan pandan twa jou. Epi lè mwen te obsève pèp la avèk prèt yo, mwen pa t twouve okenn nan Levit yo la.


Epi nou te vwayaje soti nan rivyè Ahava a nan douzyèm jou nan premye mwa a pou monte Jérusalem. Lamen Bondye nou an te sou nou, e Li te delivre nou soti nan men a lènmi yo, ak anbiskad nan chemen yo.


Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo.


“Ale rasanble tout Jwif ki rete Suse yo e fè jèn pou mwen. Pa manje ni bwè pandan twa jou, ni lannwit, ni lajounen. Mwen avèk sèvant mwen yo va fè jèn nan menm jan an. Epi se konsa, mwen va antre kote wa a, ki pa selon lalwa; epi si mwen peri, mwen peri.”


Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita. Nou te kriye, lè nou te sonje Sion.


O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo. Fè chemen Ou dwat devan mwen.


Nanpwen anyen stab nan pawòl pa yo. Anndan yo se pouriti menm. Gòj yo se yon tonm ki louvri. Yo fè flatè ak lang yo.


Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo, Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo, pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.


Nan tout chemen ou yo rekonèt Li; konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.


Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”.


Yon gran chemen va la, yon gran ri. Li va rele Chemen Sen an. Sila ki pa pwòp p ap vwayaje sou li, men li va sèvi pou sila ki mache nan Chemen an. Moun mechan ak enpridan an pa p mache la.


Mwen va mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen, nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo. Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo e move kote yo va vin plat. Se bagay sa yo Mwen va fè e Mwen p ap kite yo pa fèt.


Yo p ap grangou, ni soufri swaf, ni solèy ki brile p ap frape yo; Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo e va gide yo rive nan sous dlo yo.


‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè? Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’ “Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.


Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan? Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm? Pou bese tèt li kon wozo, e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l? Èske se yon jèn ke ou rele sa; menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?


Mwen konnen, O SENYÈ, ke chemen a yon nonm pa nan li menm, ni se pa posib pou moun ki mache a dirije pwòp pa pye li.


pou SENYÈ a, Bondye ou a, kapab pale nou de chemen ke nou ta dwe pran an, ak bagay ke nou ta dwe fè a.”


Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.


Vin konsakre jèn nan! Pwoklame asanble solanèl lan! Rasanble tout ansyen yo ak tout moun ki rete nan peyi a, pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an, pou kriye fò anvè SENYÈ a.


“Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo.


Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan.


Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a.


Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo.


Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo.


Poukisa SENYÈ a ap mennen nou nan peyi sa a, pou tonbe anba nepe? Madanm nou yo avèk pitit nou yo va devni piyay. Èske li pa t ap pi bon pou nou pou retounen an Égypte?”


Men pitit nou yo, ke nou te di ki ta devni yon objè lachas— Mwen va mennen yo antre ladann. Yo va konnen peyi ke nou menm te rejte a.


Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”


Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.


Yo te rasanble nan Mitspa; yo te rale dlo pou te vide devan SENYÈ a, e yo te fè jèn nan jou sila a. Yo te di nan plas sa a: “Nou te peche kont SENYÈ a.” Konsa, Samuel te jije fis Israël yo nan Mitspa.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite