Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 8:1 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

1 Alò sila yo se chèf lakay papa zansèt yo, e anrejistreman a sila ki te monte avè m soti Babylone yo nan règn Wa Artaxerxès la:

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

1 Men lis chèf fanmi yo ansanm ak non zansèt yo ki te pati ansanm avè m sòti lavil Babilòn pou moute lavil Jerizalèm sou reny wa Atagzèsès:

Gade chapit la Kopi




Esdras 8:1
16 Referans Kwoze  

Sila yo osi te voye kon tiraj osò tankou manm fanmi pa yo, fis a Aaron yo nan prezans a David, wa a, Tsadok avèk Achimélec, chèf lakay zansèt pa yo pami prèt ak Levit yo, chèf lakay papa pa yo jis jan sa ye pou nan pi piti frè li yo.


Moun fanmi pa li, mesye byen kapab, te de-mil-sèt-san òm, chèf lakay zansèt pa yo. Epi Wa David te fè yo sipèvizè sou Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé pou tout zafè Bondye avèk wa a.


epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo.


Konsa, tout Israël te anrejistre pa zansèt yo; epi men vwala, yo ekri nan Liv Wa A Israël yo. Epi Juda te pote ale an egzil Babylone, akoz enfidelite li yo.


Sila yo te chèf a lakay zansèt yo pami Levit yo selon jenerasyon pa yo, mesye dirijan ki te rete Jérusalem yo.


Nonb total a chèf lakay yo, a gèrye plen kouraj yo te de-mil-sis-san.


Epi chèf lakay papa zansèt pa yo nan Juda avèk Benjamin, e prèt avèk Levit yo te leve, menm tout sila ki te gen lespri vire pa Bondye yo, pou monte rebati lakay SENYÈ a ki Jérusalem nan.


Sila yo te vini avèk Zorobabel, Josué, Néhémie, Seraja, Reélaja, Mardochée, Bilschan, Mispar, Bigtvaï, Rehum ak Baana. Fòs kantite mesye nan pèp Israël yo:


Fis a Pareosch yo, de-mil-san-swasann-douz.


Sila yo te fè rechèch pami anrejistreman zansèt pa yo, men yo pa t kab twouve yo; akoz sa, yo te konsidere pa pwòp e te anpeche fè sèvis kon prèt.


mwen te bay yon dekrè ke nenpòt moun nan pèp Israël la avèk prèt pa yo ak Levit nan wayòm pa m nan ki gen volonte pou ale Jérusalem, kapab ale avèk ou.


epi te lonje bay lanmou dous Li a mwen menm devan wa a avèk konseye li yo e devan tout chèf pwisan a wa yo. Se te konsa mwen te ranfòse pa men SENYÈ a, Bondye mwen an, ki te sou mwen an, e mwen te rasanble mesye dirijan prensipal yo soti an Israël pou monte avè m.


Esdras sila a te monte soti Babylone e li te yon skrib avèk anpil konesans nan lalwa Moïse la, ke SENYÈ a, Bondye Israël la, te bay la. Epi wa a te bay li tout sa ke li te mande akoz men SENYÈ a, Bondye li a, te sou li.


Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la.


Nan fis a Phinées yo, Guerschom. Nan fis a Ithamar yo, Daniel. Nan fis a David yo, Hatthusch.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite