Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 7:8 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

8 Li te vini Jérusalem nan senkyèm mwa a, ki te nan setyèm ane règn a Wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

8 Yo rive Jerizalèm nan senkyèm mwa setyèm lanne reny Atagzèsès la.

Gade chapit la Kopi




Esdras 7:8
7 Referans Kwoze  

Pou sa, tout mesye Juda avèk Benjamin yo te rasanble Jérusalem nan twa jou yo. Se te nan nevyèm mwa a sou ventyèm jou nan mwa a, tout pèp te chita nan plas ouvri devan lakay Bondye a, e yo t ap tranble akoz afè sila a ak gwo lapli a.


Kèk nan fis Israël yo avèk kèk nan prèt yo, Levit yo, chantè yo, gadyen pòtay yo, ak sèvitè tanp yo, te monte Jérusalem nan setyèm ane a Wa Artaxerxès la.


Paske nan premye jou nan premye mwa a, li te kòmanse monte soti Babylone; epi nan premye jou nan senkyèm mwa a, li te rive Jérusalem, akoz bon men a Bondye pa li a te sou li.


Konsa, nou te rive Jérusalem e te rete la pandan twa jou.


Paske se esklav nou ye; sepandan, Bondye pa t abandone nou, men te lonje ban nou lanmou dous Li nan zye a wa Perse yo, pou bannou amelyorasyon pou leve lakay Bondye nou an, pou restore sa ki te kraze nèt yo, e pou bannou yon miray nan Juda avèk Jérusalem.


Pou sa, Esther te mennen vè Wa Assuérus nan palè wayal li a nan dezyèm mwa ki nan mwa Tébeth la, nan setyèm ane pouvwa li a.


“Konsa, ou ta dwe konnen e disène ke depi yon dekrè vin pibliye pou restore e rebati Jérusalem jis rive nan Onksyone a, Prens lan, va gen sèt semèn ak swasann-de semèn. Li va rebati ankò, ak plas la, e ak kanal ranpa a, menm nan yon tan ki twouble.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite