Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 5:6 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

6 Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kolèg Arpacschad yo ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

6 Men kopi rapò Tatenayi, gouvènè pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, Cheta-Boznayi ak kòlèg li yo ansanm ak tout otorite pwovens la te voye bay wa Dariyis.

Gade chapit la Kopi




Esdras 5:6
7 Referans Kwoze  

Alò, sa se yon kopi a lèt sila ke yo te voye ba li a: “A wa Artaxerxès: Sèvitè ou yo, mesye nan rejyon lòtbò rivyè a.


Depi lè kopi a dekrè a wa Artaxerxès te li devan Rehum avèk Schimschaï, grefye a avèk kolèg parèy a yo, yo te ale byen vit Jérusalem kote Jwif yo, e te fè yo sispann pa fòs a zam.


Alò, ekri pa Rehum, kòmandan an, avèk Schimchaï, avèk tout lòt kolèg yo, jij yo ak gouvènè lokal yo, ofisye yo, sekretè yo, mesye Érec yo, Babilonyen yo, mesye Suse yo, sa vle di, Elamit yo,


Nan lè Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kolèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?”


Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa: A Darius, wa a; lapè avèk ou!


Alò, pou sa, Thathnaï, ou menm, gouvènè pwovens lòtbò rivyè a, Schethar-Boznaï avèk kòlèg parèy ou yo, ofisyèl nan pwovens lòtbò rivyè yo, rete lwen de la.


Yo te livre dekrè a wa a chèf pwovens yo, e a majistra lòtbò rivyè Jourdain an. Konsa, yo te bay soutyen a pèp la avèk lakay Bondye a.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite