Biblia Todo Logo
Bib sou entènèt
- Piblisite -




Esdras 5:12 - Bib Sen An: Kreyòl Ayisyen

12 Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone.

Gade chapit la Kopi

1998 Haïtienne

12 Men, zansèt yo te fè Bondye nan syèl la fache ak yo, kifè Bondye lage yo nan men Nebikadneza, moun peyi Kalde, ki te wa peyi Babilòn. Wa sa a te fè detwi Tanp lan, epi li fè depòte tout pèp la lavil Babilòn.

Gade chapit la Kopi




Esdras 5:12
28 Referans Kwoze  

SENYÈ a te voye kont li twoup a Kaldeyen yo, twoup a Siryen yo, twoup Moabit yo ak twoup Amonit yo. Li te voye yo kont Juda pou detwi li, selon pawòl ke SENYÈ a te pale pa sèvitè li yo, pwofèt yo.


Alò nan nevyèm ane règn li an, nan dizyèm jou ak nan dezyèm mwa a, Nebucadnetsar, wa Babylone nan te vini. Li menm avèk tout lame li te fè kan kont Jérusalem, e li te bati yon miray syèj ki te antoure li.


Sila ki te chape anba nepe yo, li te pote yo ale Babylone; epi yo te sèvitè li avèk fis li jiskaske wayòm Perse la te vin monte.


Akoz sa, kòlè SENYÈ a te limen kont pèp Li a. Li te vin rayi eritaj Li a.


Mwen te fache ak pèp Mwen an; Mwen te pwofane eritaj Mwen an, e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou. Ou pa t montre yo gras, men menm ak granmoun nan vyeyès yo, ou te fè jouk ou byen lou.


“Èske Mwen p ap pini pèp sa a?” deklare SENYÈ a, “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans Mwen?


Mesaj ke Jérémie, pwofèt la, te kòmande Seraja, fis a Nérija a, pitit pitit gason a Machséja, lè l te ale ak Sédécias, wa Juda a, Babylone nan katriyèm ane règn li a. (Alò, Seraja te chèf dirijan lakay wa a.)


Alò, nan dizyèm jou nan senkyèm mwa a, ki te diz-nevyèm ane a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Nebuzaradan, chèf an tèt kò gad la, ki te nan sèvis wa a Babylone nan, te rive Jérusalem.


nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo.


Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: ‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’


Kijan yon moun ta kapab chase yon milye, pou de sèl grenn fè di mil sove ale, sof ke Wòch pa yo a te vann yo, sof ke SENYÈ a te livre yo bay.


Lakòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te livre yo nan men a piyajè ki te piyaje yo. Li te vann yo antre nan men a lènmi ki te antoure yo pou yo pa t kab kanpe ankò devan lènmi yo.


Konsa, SENYÈ a te vann yo nan men a Jabin, wa Kananeyen an, ki te renye nan Hatsor. Kòmandan lame li a te Sisera, ki te rete Haroscheth-Goïm.


Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane.


Swiv nou:

Piblisite


Piblisite